0:00:07.319,0:00:10.244 ABIGAIL DEVILLE:[br]“Si pa gen lit, pa gen pwogrè.” 0:00:14.711,0:00:18.770 “Sila k ap pale an favè libète poutan[br]k ap devalorize ajitasyon,” 0:00:19.341,0:00:22.970 “se moun ki vle rekòlte[br]san yo pa simen anyen,” 0:00:24.802,0:00:27.850 “yo vle lapli san loraj ak kout zeklè.” 0:00:30.838,0:00:34.810 “Yo vle oseyan an san pil dlo li yo[br]k ap gwonde byen fò.” 0:00:38.384,0:00:41.838 Frederick Douglass, 4 dawou 1857. 0:00:41.838,0:00:45.588 [Abigail DeVille: "Limyè libète"] 0:00:55.543,0:00:58.309 [Madison Square Park] 0:01:00.922,0:01:04.705 Anvan sa, m te jwenn sitasyon[br]Frederick Douglass la, 0:01:04.705,0:01:09.280 epi se te mwen sèlman[br]ki t ap panse ak yon fason pou 0:01:09.280,0:01:12.248 mete vit sa ki te pase pandan sezon ete sa[br]nan kontèks. 0:01:14.020,0:01:17.260 M panse se te imaj li te pentire yo. 0:01:17.260,0:01:20.399 M te la ap panse ak vag[br]k ap monte desann yo, 0:01:21.060,0:01:24.320 ansanm ak pil moun ki kwochte[br]youn ak lòt, 0:01:24.320,0:01:28.044 ki pètèt t ap fè manifestasyon[br]kont lanmò, 0:01:28.765,0:01:30.750 pandan pandemi sa a, 0:01:30.750,0:01:33.870 pou goumen tout bon vre [br]pou nenpòt sa nasyon sa pretann 0:01:33.870,0:01:36.958 fondman li chita oswa baze. 0:01:59.620,0:02:04.409 Se yon komemorasyon manifestasyon[br]ak mouvman Black Lives Matter 0:02:04.409,0:02:09.782 ansanm ak lavi moun po nwa yo[br]sou kontinan sa pandan 400 lane. 0:02:12.830,0:02:14.780 Pandan m t ap mete bra yo, 0:02:14.780,0:02:19.139 nan panse ak jan tout bagay[br]ta kapab tèlman diferan, 0:02:19.139,0:02:22.949 te gen opòtinite ak moman[br]moun pa t pwofite, 0:02:22.949,0:02:27.814 regilyèman nan listwa Nouyòk epi nan [br]listwa nasyon an an gwo: 0:02:28.955,0:02:30.350 moman pou pwogrè 0:02:30.350,0:02:35.933 oswa moman kote pètèt[br]jwèt la ta pral egal ego 0:02:41.218,0:02:43.960 M te gen yon pwofesè ki te vrèman sipèb[br]nan katriyèm ane, 0:02:43.960,0:02:45.579 li te rele Madam Hammond. 0:02:45.579,0:02:47.169 Li te estwodinè. 0:02:47.169,0:02:49.660 Li te fè listwa a vin vivan pou nou. 0:02:49.660,0:02:54.290 Li te fè nou tande diskou “I Have A Dream”[br]Martin Luther King nan sou vinil, 0:02:54.290,0:02:57.590 epi w te kapab tande si yon zepeng[br]te tonbe nan klas la. 0:02:57.590,0:03:02.060 M sonje m te kenbe men pi bon zanmi m nan [br]anba tab la pandan tout tan 0:03:02.060,0:03:04.740 pawòl li yo te touche m anpil 0:03:04.740,0:03:06.519 ansanm ak pouvwa pawòl li yo. 0:03:07.420,0:03:10.050 Tout bon vre, li te plante yon grenn 0:03:11.597,0:03:16.108 pou panse ak jan nou tout se patisipan[br]nan listwa. 0:03:18.195,0:03:22.010 Ap gade Estati Libète a ak flanbo a[br]nan men l nan pak la, 0:03:22.010,0:03:24.010 M te di “Oke, m ka sispann gade kounya.” 0:03:24.010,0:03:25.190 "Se sa." 0:03:25.190,0:03:27.420 “Se ak sa sèlman m ap panse” 0:03:27.420,0:03:29.409 “se de sa sèlman m vle pale.” 0:03:30.000,0:03:33.699 Flanbo a ak men Estati Libète a 0:03:33.699,0:03:39.480 te nan pak sa pandan sis (6) lane[br]depi 1876 rive nan 1882 0:03:39.480,0:03:42.919 pandan yo t ap eseye ranmase kòb[br]pou pyedestal 0:03:42.919,0:03:44.897 pou Estati Libète a. 0:03:50.290,0:03:52.440 M renmen echafo. 0:03:52.440,0:03:56.254 Yo toujou la nan lavil Nouyòk. 0:03:56.810,0:03:59.757 Bagay yo toujou te konstwi[br]epi vin kraze ankò. 0:03:59.757,0:04:04.820 Lide libète a anba konstriksyon 0:04:04.820,0:04:06.880 ak rekonstriksyon san rete 0:04:06.880,0:04:09.000 jenerasyon sou jenerasyon. 0:04:13.110,0:04:16.340 Panse ak klòch yo[br]ki se yon lòt senbòl libète, 0:04:16.340,0:04:19.510 men ki fèmen anndan flanbo sa, 0:04:19.510,0:04:22.088 epi li pa menm ka fè yon bri. 0:04:23.830,0:04:25.870 Se sa ki se gaz flanbo a tou, 0:04:26.870,0:04:30.030 epi dife ble se dife pi cho[br]ki ta ka genyen. 0:04:39.180,0:04:43.380 Lasosyete te eseye separe nou[br]oswa kategorize nou daprè kò 0:04:43.380,0:04:44.600 oswa kote nou rete 0:04:44.600,0:04:49.413 oswa klas ekonomik, edikasyon, tout bagay. 0:04:53.590,0:04:56.790 Epi kijan nou tout kapab[br]mete men nou ansanm 0:04:56.790,0:05:00.015 epi afime yon bagay. 0:05:08.470,0:05:11.470 M panse nan fè sa, 0:05:11.470,0:05:13.940 nan yon sans, se te kòmsi,[br]yon priyè oswa lespwa 0:05:13.940,0:05:16.400 pou yon bagay nan lavni 0:05:16.400,0:05:20.109 pou rale non nan tan pase yo[br]vin nan tan prezan. 0:05:20.470,0:05:23.330 Epi annaprè pou kontinye chit la 0:05:23.330,0:05:27.571 pou pase baton an pou onore koperasyon an.