ABIGAIL DEVILLE: “Si pa gen lit, pa gen pwogrè.” “Sila k ap pale an favè libète poutan k ap devalorize ajitasyon,” “se moun ki vle rekòlte san yo pa simen anyen,” “yo vle lapli san loraj ak kout zeklè.” “Yo vle oseyan an san pil dlo li yo k ap gwonde byen fò.” Frederick Douglass, 4 dawou 1857. [Abigail DeVille: "Limyè libète"] [Madison Square Park] Anvan sa, m te jwenn sitasyon Frederick Douglass la, epi se te mwen sèlman ki t ap panse ak yon fason pou mete vit sa ki te pase pandan sezon ete sa nan kontèks. M panse se te imaj li te pentire yo. M te la ap panse ak vag k ap monte desann yo, ansanm ak pil moun ki kwochte youn ak lòt, ki pètèt t ap fè manifestasyon kont lanmò, pandan pandemi sa a, pou goumen tout bon vre pou nenpòt sa nasyon sa pretann fondman li chita oswa baze. Se yon komemorasyon manifestasyon ak mouvman Black Lives Matter ansanm ak lavi moun po nwa yo sou kontinan sa pandan 400 lane. Pandan m t ap mete bra yo, nan panse ak jan tout bagay ta kapab tèlman diferan, te gen opòtinite ak moman moun pa t pwofite, regilyèman nan listwa Nouyòk epi nan listwa nasyon an an gwo: moman pou pwogrè oswa moman kote pètèt jwèt la ta pral egal ego M te gen yon pwofesè ki te vrèman sipèb nan katriyèm ane, li te rele Madam Hammond. Li te estwodinè. Li te fè listwa a vin vivan pou nou. Li te fè nou tande diskou “I Have A Dream” Martin Luther King nan sou vinil, epi w te kapab tande si yon zepeng te tonbe nan klas la. M sonje m te kenbe men pi bon zanmi m nan anba tab la pandan tout tan pawòl li yo te touche m anpil ansanm ak pouvwa pawòl li yo. Tout bon vre, li te plante yon grenn pou panse ak jan nou tout se patisipan nan listwa. Ap gade Estati Libète a ak flanbo a nan men l nan pak la, M te di “Oke, m ka sispann gade kounya.” "Se sa." “Se ak sa sèlman m ap panse” “se de sa sèlman m vle pale.” Flanbo a ak men Estati Libète a te nan pak sa pandan sis (6) lane depi 1876 rive nan 1882 pandan yo t ap eseye ranmase kòb pou pyedestal pou Estati Libète a. M renmen echafo. Yo toujou la nan lavil Nouyòk. Bagay yo toujou te konstwi epi vin kraze ankò. Lide libète a anba konstriksyon ak rekonstriksyon san rete jenerasyon sou jenerasyon. Panse ak klòch yo ki se yon lòt senbòl libète, men ki fèmen anndan flanbo sa, epi li pa menm ka fè yon bri. Se sa ki se gaz flanbo a tou, epi dife ble se dife pi cho ki ta ka genyen. Lasosyete te eseye separe nou oswa kategorize nou daprè kò oswa kote nou rete oswa klas ekonomik, edikasyon, tout bagay. Epi kijan nou tout kapab mete men nou ansanm epi afime yon bagay. M panse nan fè sa, nan yon sans, se te kòmsi, yon priyè oswa lespwa pou yon bagay nan lavni pou rale non nan tan pase yo vin nan tan prezan. Epi annaprè pou kontinye chit la pou pase baton an pou onore koperasyon an.