WEBVTT 00:00:07.319 --> 00:00:10.244 ABIGAIL DEVILLE: “Si pa gen lit, pa gen pwogrè.” 00:00:14.711 --> 00:00:18.770 “Sila k ap pale an favè libète poutan k ap devalorize ajitasyon,” 00:00:19.341 --> 00:00:22.970 “se moun ki vle rekòlte san yo pa simen anyen,” 00:00:24.802 --> 00:00:27.850 “yo vle lapli san loraj ak kout zeklè.” 00:00:30.838 --> 00:00:34.810 “Yo vle oseyan an san pil dlo li yo k ap gwonde byen fò.” 00:00:38.384 --> 00:00:41.838 Frederick Douglass, 4 dawou 1857. 00:00:41.838 --> 00:00:45.588 [Abigail DeVille: "Limyè libète"] 00:00:55.543 --> 00:00:58.309 [Madison Square Park] 00:01:00.922 --> 00:01:04.705 Anvan sa, m te jwenn sitasyon Frederick Douglass la, 00:01:04.705 --> 00:01:09.280 epi se te mwen sèlman ki t ap panse ak yon fason pou 00:01:09.280 --> 00:01:12.248 mete vit sa ki te pase pandan sezon ete sa nan kontèks. 00:01:14.020 --> 00:01:17.260 M panse se te imaj li te pentire yo. 00:01:17.260 --> 00:01:20.399 M te la ap panse ak vag k ap monte desann yo, 00:01:21.060 --> 00:01:24.320 ansanm ak pil moun ki kwochte youn ak lòt, 00:01:24.320 --> 00:01:28.044 ki pètèt t ap fè manifestasyon kont lanmò, 00:01:28.765 --> 00:01:30.750 pandan pandemi sa a, 00:01:30.750 --> 00:01:33.870 pou goumen tout bon vre pou nenpòt sa nasyon sa pretann 00:01:33.870 --> 00:01:36.958 fondman li chita oswa baze. 00:01:59.620 --> 00:02:04.409 Se yon komemorasyon manifestasyon ak mouvman Black Lives Matter 00:02:04.409 --> 00:02:09.782 ansanm ak lavi moun po nwa yo sou kontinan sa pandan 400 lane. 00:02:12.830 --> 00:02:14.780 Pandan m t ap mete bra yo, 00:02:14.780 --> 00:02:19.139 nan panse ak jan tout bagay ta kapab tèlman diferan, 00:02:19.139 --> 00:02:22.949 te gen opòtinite ak moman moun pa t pwofite, 00:02:22.949 --> 00:02:27.814 regilyèman nan listwa Nouyòk epi nan listwa nasyon an an gwo: 00:02:28.955 --> 00:02:30.350 moman pou pwogrè 00:02:30.350 --> 00:02:35.933 oswa moman kote pètèt jwèt la ta pral egal ego 00:02:41.218 --> 00:02:43.960 M te gen yon pwofesè ki te vrèman sipèb nan katriyèm ane, 00:02:43.960 --> 00:02:45.579 li te rele Madam Hammond. 00:02:45.579 --> 00:02:47.169 Li te estwodinè. 00:02:47.169 --> 00:02:49.660 Li te fè listwa a vin vivan pou nou. 00:02:49.660 --> 00:02:54.290 Li te fè nou tande diskou “I Have A Dream” Martin Luther King nan sou vinil, 00:02:54.290 --> 00:02:57.590 epi w te kapab tande si yon zepeng te tonbe nan klas la. 00:02:57.590 --> 00:03:02.060 M sonje m te kenbe men pi bon zanmi m nan anba tab la pandan tout tan 00:03:02.060 --> 00:03:04.740 pawòl li yo te touche m anpil 00:03:04.740 --> 00:03:06.519 ansanm ak pouvwa pawòl li yo. 00:03:07.420 --> 00:03:10.050 Tout bon vre, li te plante yon grenn 00:03:11.597 --> 00:03:16.108 pou panse ak jan nou tout se patisipan nan listwa. 00:03:18.195 --> 00:03:22.010 Ap gade Estati Libète a ak flanbo a nan men l nan pak la, 00:03:22.010 --> 00:03:24.010 M te di “Oke, m ka sispann gade kounya.” 00:03:24.010 --> 00:03:25.190 "Se sa." 00:03:25.190 --> 00:03:27.420 “Se ak sa sèlman m ap panse” 00:03:27.420 --> 00:03:29.409 “se de sa sèlman m vle pale.” 00:03:30.000 --> 00:03:33.699 Flanbo a ak men Estati Libète a 00:03:33.699 --> 00:03:39.480 te nan pak sa pandan sis (6) lane depi 1876 rive nan 1882 00:03:39.480 --> 00:03:42.919 pandan yo t ap eseye ranmase kòb pou pyedestal 00:03:42.919 --> 00:03:44.897 pou Estati Libète a. 00:03:50.290 --> 00:03:52.440 M renmen echafo. 00:03:52.440 --> 00:03:56.254 Yo toujou la nan lavil Nouyòk. 00:03:56.810 --> 00:03:59.757 Bagay yo toujou te konstwi epi vin kraze ankò. 00:03:59.757 --> 00:04:04.820 Lide libète a anba konstriksyon 00:04:04.820 --> 00:04:06.880 ak rekonstriksyon san rete 00:04:06.880 --> 00:04:09.000 jenerasyon sou jenerasyon. 00:04:13.110 --> 00:04:16.340 Panse ak klòch yo ki se yon lòt senbòl libète, 00:04:16.340 --> 00:04:19.510 men ki fèmen anndan flanbo sa, 00:04:19.510 --> 00:04:22.088 epi li pa menm ka fè yon bri. 00:04:23.830 --> 00:04:25.870 Se sa ki se gaz flanbo a tou, 00:04:26.870 --> 00:04:30.030 epi dife ble se dife pi cho ki ta ka genyen. 00:04:39.180 --> 00:04:43.380 Lasosyete te eseye separe nou oswa kategorize nou daprè kò 00:04:43.380 --> 00:04:44.600 oswa kote nou rete 00:04:44.600 --> 00:04:49.413 oswa klas ekonomik, edikasyon, tout bagay. 00:04:53.590 --> 00:04:56.790 Epi kijan nou tout kapab mete men nou ansanm 00:04:56.790 --> 00:05:00.015 epi afime yon bagay. 00:05:08.470 --> 00:05:11.470 M panse nan fè sa, 00:05:11.470 --> 00:05:13.940 nan yon sans, se te kòmsi, yon priyè oswa lespwa 00:05:13.940 --> 00:05:16.400 pou yon bagay nan lavni 00:05:16.400 --> 00:05:20.109 pou rale non nan tan pase yo vin nan tan prezan. 00:05:20.470 --> 00:05:23.330 Epi annaprè pou kontinye chit la 00:05:23.330 --> 00:05:27.571 pou pase baton an pou onore koperasyon an.