< Return to Video

Abigail DeVille: "Limyè Libète" | Art21 "Extended Play"

  • 0:07 - 0:10
    ABIGAIL DEVILLE:
    “Si pa gen lit, pa gen pwogrè.”
  • 0:15 - 0:19
    “Sila k ap pale an favè libète poutan
    k ap devalorize ajitasyon,”
  • 0:19 - 0:23
    “se moun ki vle rekòlte
    san yo pa simen anyen,”
  • 0:25 - 0:28
    “yo vle lapli san loraj ak kout zeklè.”
  • 0:31 - 0:35
    “Yo vle oseyan an san pil dlo li yo
    k ap gwonde byen fò.”
  • 0:38 - 0:42
    Frederick Douglass, 4 dawou 1857.
  • 0:42 - 0:46
    [Abigail DeVille: "Limyè libète"]
  • 0:56 - 0:58
    [Madison Square Park]
  • 1:01 - 1:05
    Anvan sa, m te jwenn sitasyon
    Frederick Douglass la,
  • 1:05 - 1:09
    epi se te mwen sèlman
    ki t ap panse ak yon fason pou
  • 1:09 - 1:12
    mete vit sa ki te pase pandan sezon ete sa
    nan kontèks.
  • 1:14 - 1:17
    M panse se te imaj li te pentire yo.
  • 1:17 - 1:20
    M te la ap panse ak vag
    k ap monte desann yo,
  • 1:21 - 1:24
    ansanm ak pil moun ki kwochte
    youn ak lòt, men nan men,
  • 1:24 - 1:28
    ki pètèt t ap fè manifestasyon
    kont lanmò,
  • 1:29 - 1:31
    pandan pandemi sa a,
  • 1:31 - 1:34
    pou goumen tout bon vre
    pou nenpòt sa nasyon sa pretann
  • 1:34 - 1:37
    fondman li chita oswa baze.
  • 2:00 - 2:04
    Se yon komemorasyon manifestasyon
    ak mouvman Black Lives Matter
  • 2:04 - 2:10
    ansanm ak lavi moun po nwa yo
    sou kontinan sa pandan 400 lane.
  • 2:13 - 2:15
    Pandan m t ap mete bra yo,
  • 2:15 - 2:19
    nan panse ak jan tout bagay
    ta kapab tèlman diferan,
  • 2:19 - 2:23
    te gen opòtinite ak moman
    moun pa t pwofite,
  • 2:23 - 2:28
    regilyèman nan listwa Nouyòk epi nan
    listwa nasyon an an gwo:
  • 2:29 - 2:30
    moman pou pwogrè
  • 2:30 - 2:36
    oswa moman kote pètèt
    jwèt la ta pral egal ego
  • 2:41 - 2:44
    Mwen te gen yon bon pwofesè
    nan katriyèm ane,
  • 2:44 - 2:46
    li te rele Madam Hammond.
  • 2:46 - 2:47
    Li te estwodinè.
  • 2:47 - 2:50
    Li te fè listwa a vin vivan pou nou.
  • 2:50 - 2:54
    Li te fè nou tande diskou “I Have A Dream”
    Martin Luther King nan sou vinil,
  • 2:54 - 2:58
    epi w te kapab tande si yon zepeng
    te tonbe nan klas la.
  • 2:58 - 3:02
    M sonje m te kenbe men pi bon zanmi m nan
    anba tab la pandan tout tan
  • 3:02 - 3:05
    pawòl li yo te touche m anpil
  • 3:05 - 3:07
    ansanm ak pouvwa pawòl li yo.
  • 3:07 - 3:10
    Tout bon vre, li te plante yon grenn
  • 3:12 - 3:16
    pou panse ak jan nou tout se patisipan
    nan listwa.
  • 3:18 - 3:22
    Ap gade Estati Libète a ak tòch la
    nan men l nan pak la,
  • 3:22 - 3:24
    M te di “Oke, m ka sispann gade kounya.”
  • 3:24 - 3:25
    "Se sa."
  • 3:25 - 3:27
    “Se ak sa sèlman m ap panse”
  • 3:27 - 3:29
    “se de sa sèlman m vle pale.”
  • 3:30 - 3:34
    Tòch la ak men Estati Libète a
  • 3:34 - 3:39
    te nan pak sa pandan sis (6) lane
    depi 1876 rive nan 1882
  • 3:39 - 3:43
    pandan yo t ap eseye ranmase kòb
    pou pyedestal
  • 3:43 - 3:45
    pou Estati Libète a.
  • 3:50 - 3:52
    M renmen echafo.
  • 3:52 - 3:56
    Yo toujou la nan lavil Nouyòk.
  • 3:57 - 4:00
    Bagay yo toujou te konstwi
    epi vin kraze ankò.
  • 4:00 - 4:05
    Lide libète a anba konstriksyon
  • 4:05 - 4:07
    ak rekonstriksyon san rete
  • 4:07 - 4:09
    jenerasyon sou jenerasyon.
  • 4:13 - 4:16
    Panse ak klòch yo
    ki se yon lòt senbòl libète,
  • 4:16 - 4:20
    men ki fèmen anndan tòch sa,
  • 4:20 - 4:22
    epi li pa menm ka fè yon bri.
  • 4:24 - 4:26
    Se sa ki se gaz tòch la tou,
  • 4:27 - 4:30
    epi dife ble se dife pi cho
    ki ta ka genyen.
  • 4:39 - 4:43
    Lasosyete te eseye separe nou
    oswa kategorize nou daprè kò
  • 4:43 - 4:45
    oswa kote nou rete
  • 4:45 - 4:49
    oswa klas ekonomik, edikasyon, tout bagay.
  • 4:54 - 4:57
    Epi kijan nou tout kapab
    mete men nou ansanm
  • 4:57 - 5:00
    epi afime yon bagay.
  • 5:08 - 5:11
    M panse nan fè sa,
  • 5:11 - 5:14
    nan yon sans, se te kòmsi,
    yon priyè oswa lespwa
  • 5:14 - 5:16
    pou yon bagay nan lavni
  • 5:16 - 5:20
    pou rale non nan tan pase yo
    vin nan tan prezan.
  • 5:20 - 5:23
    Epi annaprè pou kontinye chit la
  • 5:23 - 5:28
    pou pase baton an pou onore koperasyon an.
Title:
Abigail DeVille: "Limyè Libète" | Art21 "Extended Play"
Description:

more » « less
Video Language:
English
Team:
Art21
Project:
"Extended Play" series
Duration:
05:50

Creole, Haitian subtitles

Revisions Compare revisions